Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 33:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Senyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò

Gade chapit la Kopi




Jeremi 33:10
9 Referans Kwoze  

Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’


Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’


Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.”


Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa.


Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’” Konsa, tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.


Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”


Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?


Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Pèmèt nou resevwa sali Ou a.


Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite