Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 32:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te peze ajan bay pou li, disèt sik ajan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 M achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m lan, mwen peze lajan pou m ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 32:9
11 Referans Kwoze  

Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,


Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.


Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’


Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.


Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”


Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li trant sik lajan, e bèf la va lapide.


Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.


Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.


Konsa, mwen te achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite