Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 31:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Gen espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a: “Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 31:17
19 Referans Kwoze  

Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”


Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri, ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”


Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.


Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.


Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.


Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.


Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.


Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò.


Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.


Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.


Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.


Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite