Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 30:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 30:23
7 Referans Kwoze  

Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.


lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.


Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak sila kap brile yo, ansanm.


Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.


Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite