Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:8
20 Referans Kwoze  

“Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li.


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.


“Akoz sa, Mwen te bay li nan men a moun ki renmen li yo, nan men Asiryen yo. Sou sila yo, li te pote anvi lachè yo.


Malgre sa, ou pa t sèlman mache nan chemen yo, oswa aji selon abominasyon yo; men konsi sa te twò piti, avan lontan, ou te aji pi konwonpi nan kondwit ou ke yo menm.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri,


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.


Alò, pi gran sè ou a se Samarie, ki viv sou kote nò ou, ak tout fi li yo; epi pi jèn sè ou a, ki rete nan kote sid ou a, se Sodome, ak tout fi li yo.


Anplis, Samarie pa t komèt mwatye nan peche ou yo, paske ou te ogmante abominasyon ou yo plis pase yo. Konsa, ou te fè sè ou a parèt dwat akoz tout abominasyon ke ou te komèt yo.


Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite