Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Yon lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa: — Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:6
24 Referans Kwoze  

Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt.


Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.


Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo, e te jwe pwostitiye nan zèv yo.


“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.


Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou. Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.


Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.


Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”


Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.


Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.


Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”


Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.


Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan.


Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.


“Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a.


Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.


“Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li.


Non yo se te Ohola ak sè li, Oholiba. Konsa, yo te vin pou Mwen, epi yo te vin fè fis ak fi. Epi pou zafè non yo a, Samarie se Ohola e Jérusalem se Oholiba.


Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, anverite, yo p ap egzalte.


Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.


Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite