Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:12
45 Referans Kwoze  

Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.


alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.


Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


men: ‘Kon SENYÈ a viv, ki te mennen e fè retounen desandan lakay Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote mwen te chase yo ale yo.’ Konsa, yo va viv sou pwòp tèren pa yo.”


“Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.


“‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”


SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.


Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.


Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou, pou obeyi vwa Li ak tout ke e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo.


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.


Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.


“Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”


Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,


SENYÈ a plen mizerikòd ak gras, lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.


Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?


Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”


Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.


Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.


Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”


“Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—


Li p ap toujou goumen ak nou, ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.


Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo.


Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.


Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.


“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”


Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.


Retounen kote Sila ke nou te tèlman neglije a, O fis Israël yo.


“Plase pou ou menm ransèyman chemen yo; mete pou kont ou poto k ap dirije. Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an, wout sou sila ou te ale a. Retounen, O vyèj Israël; retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.


“Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite