Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Apre sa, Senyè a di konsa: — Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:11
9 Referans Kwoze  

Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”


“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.


Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.


Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.


Malgre sa, ou pa t sèlman mache nan chemen yo, oswa aji selon abominasyon yo; men konsi sa te twò piti, avan lontan, ou te aji pi konwonpi nan kondwit ou ke yo menm.


“Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li.


Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, anverite, yo p ap egzalte.


Paske Israël fè tèt li di, tankou yon gazèl ak tèt rèd. Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo tankou jenn mouton nan yon bèl chan?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite