Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:1
34 Referans Kwoze  

Yo te vèse san inosan, san a pwop fis ak fi yo, ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo. Peyi a te kontamine nèt ak san.


Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.


Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.


“Ale monte kote Liban. Kriye fò e leve vwa ou nan Basan. Kriye anplis depi Abarim, paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.


“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.


Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.


Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”


“Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou fè m vin fache.


“‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont.


“Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a.


Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”


Rebike manman ou! Rebike, paske li pa madanm mwen; ni mwen pa mari li. Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li, ak adiltè li yo soti antre tete li yo;


Leve ale! Se pa isit ou ap jwenn repo; li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi, menm avèk yon destriksyon byen grav.


Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo.


“Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’


alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.


Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite