Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 26:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 26:3
15 Referans Kwoze  

Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.


“Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”


Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an.


“‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”


Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”


Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”


“Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye.


“Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri.


Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.


Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.


Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite