Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 26:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan Tanp lan, y'al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 26:10
15 Referans Kwoze  

Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.


Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.


Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.


Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te sove ale rive an Égypte.


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Epi tout ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète.


Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la—


Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.


Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.


Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.


“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite