Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Pwofèt yo di nou: Pa kouri dèyè lòt bondye, pa fè sèvis pou yo, pa mete ajenou devan yo. Pa sèvi zidòl nou fè ak men nou pou Senyè a pa fache. Konsa, si nou obeyi Senyè a li p'ap pini nou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:6
17 Referans Kwoze  

Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo.


avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo.


Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.


“Ou pa pou gen lòt dye devan M.


“Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.


Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.


“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.


Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?


si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,


Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen,


Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”


epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’


epi pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.


Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,


Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri.


Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite