Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Si yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l, w'a di yo: Senyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:28
12 Referans Kwoze  

Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.


Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:


“Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.


Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l.


Peyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.


pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite