Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Apre sa, Senyè a di m konsa: W'a di yo men lòd Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:27
20 Referans Kwoze  

Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije, ki sou, men pa avèk diven:


Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”


Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.


Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la!


Pa kriye pou mò yo. Pa fè dèy pou li, men kriye san rete pou sila ki sòti a; paske li p ap janm retounen, ni li p ap wè peyi l ankò.


Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”


Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.


“Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’


“Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!


Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.


Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.


Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an.


Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.


M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’


li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite