Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se konsa, mwen pran gode a nan men Senyè a, mwen pote l bay tout moun nan tout peyi kote Senyè a te voye m lan, mwen fè yo bwè ladan l.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:17
9 Referans Kwoze  

Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”


Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè!


gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.


Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.


Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte.


Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.


Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m.


Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite