Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 25:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:16
16 Referans Kwoze  

Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an.


Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a, ki te fè tout mond lan vin sou. Nasyon yo te bwè nan diven li an; akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.


Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”


li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.


Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.


Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.


“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’


Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”


Li te plen mwen ak anmetim. Li te fè m sou ak dlo absent.


Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.


“Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’


Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”


Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”


“Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite