Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 24:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lèfini, Senyè a di m konsa: — Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l: — Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 24:3
10 Referans Kwoze  

Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.


Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.


SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” Mwen te di: “Yon filaplon.” Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò.


(Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)


Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”


Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite