Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 23:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 men: ‘Kon SENYÈ a viv, ki te mennen e fè retounen desandan lakay Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote mwen te chase yo ale yo.’ Konsa, yo va viv sou pwòp tèren pa yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Lè sa a y'a di: Se nan non Senyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 23:8
24 Referans Kwoze  

Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.


SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la.


“Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’,


Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.


“Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.


Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”


Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè.


Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”


Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.


“Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè.


Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob.


Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a.


“‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.


Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’


Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.


Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò.


gade byen, Mwen va fè yo leve soti nan plas kote nou te vann yo, pou retounen rekonpans nou an sou pwòp tèt nou.


“Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la, Mwen va montre ou Mirak.”


Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite