Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 23:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Mwen va fè poze yon repwòch ki p ap janm sòti sou nou, ak yon imilyasyon ki p ap janm bliye.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

40 M'ap fè nou wont yon wont ki p'ap janm fini, yon wont moun p'ap janm bliye.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 23:40
10 Referans Kwoze  

Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.


Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’


Anplis, sipòte wont ou paske ou te fè jijman an vin favorab pou sè ou yo. Akoz peche nan sila ou te aji pi mal ke yo menm yo, yo vin pi dwat pase ou. Wi, anplis vin twouble nèt e sipòte wont ou an, akoz ou te fè sè ou yo parèt dwat.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.


Plis ke yo te miltipliye, plis ke yo te peche kont mwen. Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.


Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite