Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 23:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m pou y'al dèyè Baal?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 23:27
14 Referans Kwoze  

Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.


Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè.


men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”


Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.


Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.


alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.


Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.


Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite