Jeremi 22:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 “Malè a sila ki bati kay li san ladwati, chanm anlè yo san jistis, ki itilize sèvis vwazen li san peye e ki pa bay li salè li, Gade chapit la1998 Haïtienne13 Madichon pou moun k'ap bati gwo kay ak lajan lenjistis, k'ap mete etaj sou etaj sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay pou granmesi, yo pa peye yo lajan yo dwe yo. Gade chapit la |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.