Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:7
28 Referans Kwoze  

Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay yo plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan oliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou.


Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.


Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”


Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.


Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


“Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.


akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo.


Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.


nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.


“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou te bliye Mwen e te jete Mwen dèyè do ou, se pou ou sipòte, koulye a, pinisyon zak lèd ak zak pwostitisyon ou yo.’”


“Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.


Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, men Éphraïm va retounen an Égypte, e yo va manje sa ki pa pwòp an Assyrie.


Leve ale! Se pa isit ou ap jwenn repo; li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi, menm avèk yon destriksyon byen grav.


Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.


kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.


Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.


“Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite