Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m, m pa ka konte depi kilè.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:32
24 Referans Kwoze  

Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,


Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.


Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.


O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.


Yo te bliye Bondye, sovè yo a, ki te fè gwo bagay an Égypte yo,


Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.


Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.


De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?


Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.


Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.


“Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.


Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.


Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?


Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.


Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.


Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.


Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite