Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 18:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè mwen pran desizyon pou mwen derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou mwen kraze li, pou mwen detwi li,

Gade chapit la Kopi




Jeremi 18:7
13 Referans Kwoze  

Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.


Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”


Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’”


Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a.


‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an.


“Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.”


Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati,


Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.


Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a.


Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.


Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite