Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 18:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M p'ap okipe yo menm.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 18:17
16 Referans Kwoze  

Van lès la pote l ale e li pati. Li fè l vire tounen kite plas li.


Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.


paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.


Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.


kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’


Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.


Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.


Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo. Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.


Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.


Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.


“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite