Jeremi 17:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo. Gade chapit la1998 Haïtienne22 Pa pote chay sòti lakay nou jou repo a. Piga nou fè okenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Senyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la. Gade chapit la |
Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.