Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pèsonn p'ap kriye pou yo. Pèsonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:6
20 Referans Kwoze  

Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.


Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.


Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.


Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la!


“Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”


ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.


Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?


Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.


Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


“‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.


“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.


“Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande pou gwo lakay la vin kraze nèt, e ti kay la an ti mòso.


Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.


“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite