Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen, fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen. Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:21
13 Referans Kwoze  

pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.


Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan


Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.


SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L.


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.


“Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.


Konsa, Ézéchiel va vin yon sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”


Nan jou sa a, bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.


Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.


Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite