Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Èske lòm dwe fè dye pou kont li, malgre se pa dye yo ye?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:20
12 Referans Kwoze  

epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo.


Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?”


Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo.


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone.


Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.


Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.


Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite