Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lè sa a, w'a reponn yo: — Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:11
21 Referans Kwoze  

Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”


Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”


“Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.


Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.


Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”


akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”


Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.


Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.


Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’


Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite