Jeremi 15:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Gade chapit la |
Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’