Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te vin yon dezè. Abandonen, li plenyen devan M. Tout latè vin dezole, akoz pèsòn pa pran sa an kè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Yo fè l tounen yon savann. Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l. Tout peyi a tounen yon dezè, san pèsonn pa di anyen.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 12:11
23 Referans Kwoze  

“Paske peyi a plen ak adiltè; paske akoz madichon, peyi a ap kriye. Patiraj nan savann yo fin seche. Y ap kouri nan move chemen e pwisans yo pa pou sa ki dwat.


Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”


Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.


Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.


“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?


Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.


Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo; paske yo te devore Jacob. Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.


Bri rapò a rive! Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a! K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon, yon andwa pou chen mawon.


“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”


Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”


Moun dwat la peri, men pèsòn pa pran sa a kè. Sila ak mizerikòd vin retire, men pèsòn pa konsidere ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.


Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè.


Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.


Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa.


Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.


Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”


Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”


Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.


Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?


Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite