Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 7:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 yo tout yo vin jwenn Noye nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noye lòd la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 7:9
12 Referans Kwoze  

Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.


Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.


Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.


Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.


Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.


Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo,


Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.


Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.


Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.


Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite