Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 7:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa, Senyè a detwi tout bèt, tou sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noye avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 7:23
21 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.


Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo.


Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.


Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.


Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou, ak di mil sou men agoch ou, men sa p ap pwoche ou.


Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.


epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a,


Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.


Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite