Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè Senyè a wè sa, li di: — Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanvenntan (120 an) sèlman pou yo viv.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 6:3
17 Referans Kwoze  

ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.


Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.


Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye, yon van pase ki pa retounen ankò.


Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?


Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.


Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.


‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”.


Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.


Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.


“Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite