Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 49:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Ou tankou yon larivyè k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pat dwe fè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 49:4
11 Referans Kwoze  

Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—


Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.


Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.


Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.


‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.


Ke Ruben viv e pa mouri; ni ke moun li yo pa manke.”


Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”


Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye.


kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite