Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 49:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Ou menm, Riben, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi grannèg.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 49:3
17 Referans Kwoze  

Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”


Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—


fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,


Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.


Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”


Men fis Israël yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Zabulon,


Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.


fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.


Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo.


Li te frape di tout premye ne an Égypte yo, premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.


Akote lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.


Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.


Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo;


Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. A li devni dwa a premye ne a.


Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”


Ke Ruben viv e pa mouri; ni ke moun li yo pa manke.”


“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite