Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 48:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè mwen t'ap tounen soti Mezopotami, manman ou Rachèl te mouri nan men mwen. Li mouri sou wout Kanaran, toupre vil Efrata. Se Efrata sa a yo rele Betleyèm nan tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 48:7
13 Referans Kwoze  

Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.


Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.


Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.


Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li.


Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


“Yon vwa te tande nan Rama; yo te kriye e fè gwo lamantasyon. Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo; li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”


Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.


Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.


Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”


Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”


Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite