Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 48:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yo vin di Jakòb: — Men Jozèf, pitit ou, vin wè ou. Izrayèl ranmase dènye ti rès fòs li te genyen an, li leve chita sou kabann lan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 48:2
8 Referans Kwoze  

Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.


Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen.


Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo. Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.


SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.


Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’


Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite