Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 48:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Izrayèl te fin granmoun, je l pat bon menm. Li pat kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l nan kou yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 48:10
13 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”


Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.


Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.


Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.


Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”


Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”


Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li: “Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?”


nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sa yo k ap moule a rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.


Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.


Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”


Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.


Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),


Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite