Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 44:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 W'a pran gwo gode m lan, gode an ajan an, w'a mete l nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l fè a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 44:2
12 Referans Kwoze  

Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.


Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo.


Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.


Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.


Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e tas la te twouve nan sak Benjamin an.


Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.


nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.


Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou.


“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite