Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 41:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te vin rive nan lafin dezane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 41:1
21 Referans Kwoze  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.


Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.


Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn Galaad yo.


Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.


Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.


Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.


Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a.


Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”


Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan va vin tounen san sou tè sèch la.”


Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. “‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite