Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 4:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Senyè a di: — Non, si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa. Se konsa Bondye mete yon siy sou Kayen pou pyès moun pa touye li si yo kontre li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 4:15
15 Referans Kwoze  

Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”


Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.


Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.


Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.


Men si pa aza, li jwenn li, la oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.


SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”


Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


“Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.


‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.


Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe.


Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.


Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite