Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 39:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 39:6
12 Referans Kwoze  

Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.


Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.


Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.


Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.


Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.


Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi.


“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.


“Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’


Se te nan tan sila a ke Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li.


Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: “Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”


Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite