Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 32:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l: — Nou te ale kote Ezayi, frè ou la. Kounyeya li gentan sou wout pou l vin kontre ou. Li gen katsan (400) moun ak li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 32:6
14 Referans Kwoze  

Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.


Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.


Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.


Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”


Epi Jacob te vin pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen.


Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.


Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Jacob te reponn: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”


Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”


Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m.


Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”


Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”


Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”


Anne te reponn: “Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite