Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 32:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: — Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l yo ak bèt ki devan l yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 32:16
9 Referans Kwoze  

trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik.


Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’


Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”


L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.


Bon konprann va pwoteje ou, konesans va veye sou ou,


Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Li te pale a jennonm pa li yo: “Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite