Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 32:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Chonje sa ou te di m lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 32:12
14 Referans Kwoze  

anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”


Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.


Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Si nou pa fidèl Li rete fidèl; paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”


nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.


Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”


Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman.


Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite