Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Manje yo fin manje, je yo louvri. Yo wè yo toutouni. Yo pran fèy fè rad mete sou yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 3:7
13 Referans Kwoze  

Fil pa yo p ap fè rad; ni zèv yo p ap ka kouvri yo. Zèv pa yo se zèv inikite, e se zak vyolans ki rete nan men yo.


Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.


Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.


Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e dra a twò etwat pou vlope nou.


Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.” Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie.


Sa nou wè ak zè nou va fè nou vin fou nèt.


Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li.


Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


Konsa li ta rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t kon fè lagè, ta kapab enstwi.


Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite