Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 3:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa, Senyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 3:23
10 Referans Kwoze  

Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.


Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.


Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”


Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.


Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.


Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen.


Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite