Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 29:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 29:2
12 Referans Kwoze  

Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.


Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.


paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo.


Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo.


Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.


Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.


Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.


Lwen bwi achè yo, nan kote y ap rale dlo, la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a, zèv ladwati pou moun li yo an Israël. “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite